Skip to main content

COVID-19 - Vaksen

Pran Vaksen!

Vaksinasyon kont Coronavirus yo kounye a disponib pou tout moun nan Massachusetts ki gen 5 an oswa plis.  Boustè yo rekòmande pou tout moun ki gen laj 5 an oswa plis. Vaksinasyon yo gratis pou tout moun, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon ou oswa plan sante ou. Asirans sante pa obligatwa. Si ou bezwen èd pou pran yon randevou oswa pou jwenn yon klinik kote ou ka jis ale pran vaksen an tanpri rele 311 (617-666-3311).

Men kòman ou kapab pran vaksen an:

Ale dirèkteman nan yon sit. Ou pa bezwen yon randevou, men ou ka chwazi enskri anvan. Mache pou al pran Vaksen nan kote ki anba yo:

  • Enskri pou resevwa notifikasyon sou klinik mobil k ap fèt nan vil la sou somervillema.gov/alerts.
  • Tcheke avèk doktè prensipal ou. CHA ak Mass General Brigham gen sit vaksen nan Somerville. Pasyan CHA yo ta dwe rele liy dirèk vaksen CHA a nan (617) 665-1995 oswa enskri sou MyChart pou yon randevou. Pasyan Mass General Brigham yo ka enskri sou Patient Gateway.
  • Chèche epi enskri pou yon randevou nenpòt kote nan MA nan vaxfinder.mass.gov oswa rele 211 pou rezève nan telefòn.

COVID-19 dòz rapèl

Boustè yo rekòmande pou tout moun ki gen laj 5+. 

Vaksen yo se pi bon defans nou kont maladi grav, entène lopital, ak kont lanmò akòz COVID-19. Men, pwoteksyon an diminye pandan tan ap pase, se poutèt sa pran yon boustè enpòtan anpil. Kenbe defans iminitè w yo fò lè w pran enfòmasyon sou vaksen w yo, tankou yon boustè. 

Tanpri konsilte CDC guide on boosters pou plis enfòmasyon.

Ou bezwen asistans? Rele 311 (617-666-3311). Anplwaye nan vil la disponib pou ede moun ki gen pwoblèm pou jwenn aksè ak vaksen yo tankou si yo ta bezwen transpò oswa asistans pou entèprèt.

Klinik Vaksinasyon Yo

Dènye Enfòmasyon

10 Janvye

Boustè yo rekòmande pou tout moun ki gen laj 12+. 

Vaksen yo se pi bon defans nou kont maladi grav, entène lopital, ak kont lanmò akòz COVID-19. Men, pwoteksyon an diminye pandan tan ap pase, se poutèt sa pran yon boustè enpòtan anpil. Kenbe defans iminitè w yo fò lè w pran enfòmasyon sou vaksen w yo, tankou yon boustè. 

Ou kalifye pou pran boustè si:

  • Ou te pran dezyèm dòz vaksen Pfizer oswa Moderna COVID-19 la depi omwen 5 mwa
  • Ou te pran vaksen Johnson & Johnson COVID-19 sa gen omwen 2 mwa
  • Si w gen 18 an oswa plis ou ka pran yon dòz boustè nenpòt nan vaksen COVID-19 yo, kèlkeswa kalite vaksen COVID-19 ou te pran anvan.
  • Si w gen ant 12 a 17 an, ou ka pran sèlman yon dòz boustè vaksen Pfizer.

8 Novanm

Gen yon doz Pfizer ki pi lejè ki otorize pa otorite federal yo pou timoun aje 5-11 an. Centers for Disease Control and Prevention lan (CDC) rekòmande timoun apati de 5 an e plis pou vaksine kont maladi a. CDC genyen enfòmasyon ki disponib konsѐnan de vaksen pou timoun yo sou lyen sa extensive information available pou paran ki pako konfòtab pou vaksine pitit yo. Selon CDC, “byen ke risk la pi ba pou timoun atrape maladi a lè w konpare ak granmoun yo, timoun yo:

  • Kapab enfekte pa viris ki lakoz COVID-19 lan;
  • Kapab malad pa COVID-19;
  • Kapab genyen ti ak gwo konplikasyon akoz de COVID-19;
  • Kapab bay lòt moun COVID-19 lan.” 

Timoun apati de 5-11 an gen opsyon lokal pou COVID-19  vaksen an. Tanpri sonje ke timoun dwe akonpanye pa yon paran oswa gadyen pou vaksen an:

  • Famasi lokal tankou CVS ak Walgreens
  • Ofis pedyat yo: tanpri tyeke avèk doktè ou
  • Chache yon lokasyon kap bay doz COVID-19 lan pou timoun to 5-11 nan vaxfinder.mass.gov le w selekte “Vaccines (laj 5-11 an)” oswa rele 2-1-1. Yo pral bay lokasyon an chaj jou de Lendi a Vandredi.
  • Nan lekòl ki gen elèv Kindergarten a 8èm ane, ke nou gen pou anonse a paran e pwofesè lekòl yo
  • Nan klinik yo, ke nou gen pou nou anonse nan sit web sa somervillema.gov/vaccine ak somervillema.gov, epi chèn televisyon lokal nou yo ak nan sit ki bay nouvèl yo these alerts

Pou ka jwen enfòmasyon ki pi resan. Tanpri tcheke sit web Eta a nan mass.gov/covid or mass.gov/info-details/covid-19-vaccinations-for-children-ages-5-11


30 septanm 2021

FDA ak CDC apwouve dòz rapèl vaksen Pfizer kont COVID-19 pou kèk kategori moun. Dòz rapèl vaksen Pfizer kont COVID-19 yo disponib kounye a pou: 

  • Moun ki gen 65 lane oswa plis.
  • Moun ki gen 18-64 lane e ki riske malad grav ak COVID-19 akòz sèten kondisyon medikal ki kache jan CDC defini l.
  • Moun ki gen 18-64 lane ki gen plis ekspoze a COVID-19 akòz anviwònman travay yo oswa anviwònman enstitisyonèl.

Moun ki nan kategori sa yo kalifye pou resevwa yon piki dòz rapèl Pfizer omwen 6 mwa apre dezyèm dòz vaksen Pfizer COVID-19 la. Ou ka tcheke kalifikasyon ou nan mass.gov/BoosterCheck.

 Kòman ou kapab jwenn rapèl Pfizer ou: 

Pou plis enfòmasyon, ale nan Depatman Sante Piblik Massachusetts COVID-19 Booster FAQ


17 me 2021

Vaksen yo disponib kounyè a pou moun ki gen 12 an oswa plis, gen klinik ki bay vaksen san randevou ki disponib. Nenpòt moun ki poko gen 18 an bezwen pèmisyon paran / gadyen. Vizite vaxfinder.mass.gov pou jwenn yon sit vaksinasyon.


6 me 2021

Inivèsite Tufts pral òganize yon lòt klinik vaksen mache-demen, 6 me, pou manm piblik la soti nan 11am a 4pm nan Gantcher Sant inivèsite a ki chita nan 161 College Ave nan Medford. 

Pa gen randevou oswa Tufts afilyasyon obligatwa. Tout dòz yo se Pfizer. Nenpòt moun ki poko gen 18 an ap bezwen pèmisyon paran. Sèvis tradiksyon lang yo ap disponib.


5 me 2021

Nan kad yon nouvo kolaborasyon rejyonal sou vaksen ke  Cambridge Health Alliance lanse, Tufts University, ak nèf kominote ki gen ladan Somerville, nouvo sit vaksinasyon COVID-19 yo louvri kounye a oswa yo pral louvri semèn pwochèn:

  • Louvri kounye a: Tufts University Gantcher Center, 161 College Ave nan Medford
  • Louvri Kounye a: Encore Boston Harbor, 1 Broadway Center nan Everett
  • Pral louvri pwochenman : CHA Somerville (akote Target), 176 Somerville Ave nan Somerville

 Ou ka enskri pou yon randevou nan sit sa yo isit la: home.color.com/vaccine/register/metronorth oswa lè w rele 211. Si ou bezwen asistans pou pran yon randevou, oswa transpò pou ale pran yon vaksen, tanpri rele 311 (617- 666-3311).


11 Mas 2021

A Leta a te anonse ke tout edikatè,matènèl pou rive 12ème ane,  jadinyè danfan, ak anplwaye nan lekòl K-12 yo pral kalifye pou pran randevou vaksen COVID-19 apati jedi 11 mas. Pou pran yon randevou nan yon sit Leta, vizite mass.gov/vaccine oswa rele 211. Kenbe nan tèt ou ke ou ka pran yon ti tan sou liy la anvan yo reponn ou, kidonk tanpri pran yon ti pasyans. Tanpri sonje ke, nan moman sa a, minisipalite yo pate resevwa vaksen, e yo pa ka bay randevou lokal .

Vil Somerville disponib tou pou ede moun ki gen pwoblèm pou jwenn aksè a vaksen yo,  tankou bezwen transpò oswa asistans pou entèpretè. Si ou elijib kounye a pou resevwa yon vaksen epi ou bezwen èd pou ou ka pran vaksen an, tanpri rele 311.  

Pou plis enfòmasyon sou vaksen an, ak repons a kesyon ke w ka genyen tanpri vizite www.somervillema.gov/vaksen. Pou w aprann kilè w kapab pran vaksen an tanpri vizite www.mass.gov/covidvaccine

Dènye Enfòmasyon

Vaksen yo se yon zouti pou fini ak pandemi an.

Vaksen COVID-19 yo, ansanm ak mete mask epi respekte distans sosyal, ap ede nou retounen nan vi nòmal nou pou nou ka wè fanmi nou ak zanmi, retounen lekòl, epi relouvri biznis san nou pa riske lavi nou.

Vaksen yo pa gen okenn koronaviris ladan’l.

Vaksen pa gen okenn koronavirus ladan’l. Ou pa ka pran COVID-19 nan vaksen yo.

Vaksen yo pase tchèk mezi sekirite.

Gras ak gwo jefò mondyal, esè klinik ki te fèt an gran kantite pou teste vaksen yo, te kapab dewoule byen vit, san yo pa mete an danje sekirite nou.

Vaksen yo efikas.

Tout vaksen yo trè efikas pou anpeche maladi ak lanmò ki gen rapò ak viris sa.

Pi bon vaksen an se sa ou ka jwen an premye a. 

Pa rete tann si ou gen chans pran vaksen an. Gen plizyè vaksen ki disponib, e nempòt nan yo ase efikas pou kenbe ou menm ak lòt moun an sante pase pa pran okenn vaksen ditou.

Ou ka santi kèk efè segondè kap pase.

Gen kèk moun ki pa pral gen okenn efè segondè, men gen lòt moun kap genyen. Efè segondè sa yo konen anpil, tankou doulè, fatig, tèt fè mal, oswa lafyèv ki pap twò grav. Yo ka dire kèk jou.

Vaksen COVID la gratis pou tout moun.

Ou pa bezwen gen asirans sante. Moun ki gen asirans ta dwe vini ak enfòmasyon sa yo avèk yo nan randevou yo.

Imigran yo kalifye pou resevwa vaksen COVID la.

Ou ka pran yon randevou epi resevwa vaksen an gratis kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon ou. Yo ka mande w yon nimewo sekirite sosyal, men ou pa oblije bay li.

Enfòmasyon pèsonèl ou konfidansyèl.

Founisè vaksen yo pa ka pataje okenn enfòmasyon pèsonèl.

Lè w pran vaksen an sa pa ka afekte chans ou genyen pou ou jwenn kat residans ou.

Vaksen an pa konsidere kòm chaj piblik .

Aprann tout bagay sou vaksen COVID, ki kote ou ka pran vaksen an, epi rete enfòme. Ale nan somervillema.gov/vaksen oswa rele liy enfòmasyon sou vaksen an nan 617-591-3254.

Bezwen èd? Gen kesyon? Rele 311 (617-666-3311)

Kesyon Komen

Enfòmasyon sou Vaksen Kowonaviris la. Dezyèm Pati.
02/19/2021
Doktè Jean Baptiste ap pale nou de systèm defans kò a ak konpozisyon vaken an, ak kjan vakensen an travay pou konbat kowonaviris la.

Enfomasyon Sou Kowonaviris La 
02/03/2021
Dr. Malou Jean Baptiste ap pale nou de kowonaviris la, kisa li ye, kijan yo fe vaksen an, ak anpil lot detay sou pandemi a.

Podcast: Èske mwen ta dwe pran vaksen Covid-19 la? Èske vaksen an san danje? 
02/18/2021
COTI Show a òganize pa Clarence Ismey. Nan konvèzasyon sa a sou vaksen kowonaviris la, Clarence  pale avèk envite Sonnly Ribourg (Asistan doktè nan Cambridge Health Alliance) ak Jhenny St. Surin (lyezon kreyòl ayisyen nan Biwo zafè imigran  nan vil Somerville). Koute konvèsasyon an sou vaksen COVID-19 la ak sa k ap fèt pou pwoteje kominote lokal la. Epizòd sa a te fèt an kolaborasyon avèk Biwo Afè Imigran Vil Somerville. 

Te Bon, men pran vaksen an pou sove lavi w
03/01/2021
Sonnly Ribourg, PA-C, eksplike poukisa yo kontinye bwè ti ak pran remèd fèy, men tou, pran vaksen an pwoteje tèt ou kont COVID-19.

Bwè te, men vaksen an ka sove lavi ou
03/05/2021
Sipèvizè CHA Miltikiltirèl Afè Jean Adam pataje enfòmasyon sou kontinye bwè ti ak pran remèd fèy, men yo pa pral pwoteje ou kont COVID. Pran vaksen pou ou, fanmi ou ak kominote ou.

Kouman yo te afekte pa vaksen an e poukisa pran vaksen an?
02/26/2021
CHA doktè asistan Sonnly Ribourg, PA-C chita pale sou eksperyans li ak COVID ak poukisa li te chwazi pran vaksen an.

COVID-19 Kesyon ak repons - Kisa ou rekòmande pou pasyan ou yo?
02/26/2021
Asistan doktè CHA Sonnly Riboug, PA-C pataje sa li di pasyan li yo sou vaksen COVID-19 la.

Kijan fanmi ou te afekte pa COVID? Poukisa pran vaksen an?
03/05/2021
CHA sipèvizè zafè miltikiltirèl Jean Adam pataje istwa li.

Mit sou vaksen COVID yo
03/05/2021
Jean Adam sipèvizè CHA Multicultural Afè pataje enfòmasyon sou mit vaksen COVID nan kominote ayisyen an.

Zanmi m yo, ran vaksen an, silvouplè!
02/17/2021
“Zanmi m yo, pran vaksen an, silvouplè. Mwen deja pran 2 doz yo doktè pa m konseye m, anyen pa t rive m apre sa." Eddy Toussaint, CHA Haitian Creole Medical Interpreter.

Yo te teste vaksen COVID-19 sa yo sou plis pas 70,000 ameriken
02/17/2021
Nadiege Mamousette, CHA Haitian Creole Medical Interpreter

COVID 19 Mit Vaksen An
02/17/2021
Nagela Bonnet, CHA Multicultural Affairs and Patient Services Supervisor

Programs & Initiatives

Join us to celebrate Somerville’s open spaces, engage with the City outside of formal meetings, and of course – enjoy some pizza.
The City of Somerville’s New Small Business Vitality Grant offers up to 12 months of rental support for physical storefronts, with a maximum of $50,000.

Please submit website feedback using this form. Be sure to include:

A description of the issue (if any)
A link to the affected pages

Thank you for your feedback!